Skip directly to search Skip directly to A to Z list Skip directly to navigation Skip directly to page options Skip directly to site content

Enfeksyon Jenital HPV – Fèy Enfòmasyon CDC

 
This web page is archived for historical purposes and is no longer being updated.
 

collage of people

Papilomaviris imen (human papillomavirus, HPV) se enfeksyon ki pi komen moun pran nan fè bagay nan Etazini. Kèk efè HPV lakòz sou sante kapab evite avèk vaksen.

Kisa HPV ye?

HPV se enfeksyon ki pi komen moun pran nan fè bagay (sexually transmitted infection, STI). HPV se yon viris ki diferan avèk HIV ak HSV (èpès). HPV tèlman komen sa lakòz prèske tout gason ak fanm ki aktif nan sèks genyen li nan yon moman nan lavi yo. Gen anpil kalite HPV diferan. Kèk kalite kapab lakòz pwoblèm sante tankou veri jenital ak kansè. Men gen kèk vaksen ki kapab anpeche ou gen pwoblèm sante sa yo.

Kijan HPV simaye?

Ou kapab pran HPV nan sèks oral, sèks nan vajen oswa sèks nan anis avèk yon moun ki gen viris la. Li simaye pi fasil pandan w ap fè sèks vajinal oswa sèks oral. HPV kapab transmèt menm lè yon moun ki enfekte pa gen siy oswa sentòm yo.

Nenpòt moun ki aktif nan sèks kapab pran HPV, menmsi ou te fè bagay avèk yon sèl moun. Ou kapab gen sentòm yo tou kèk ane apre ou fè bagay avèk yon moun ki enfekte, sa k ap fè li difisil pou konnen kilè ou te fèk vin enfekte.

Èske HPV kapab lakòz pwoblèm sante?

Nan pifò ka yo, HPV ale poukont li epi li pa lakòz okenn pwoblèm sante. Men lè HPV pa ale, li kapab lakòz pwoblèm sante tankou veri jenital ak kansè.

Anjeneral, veri jenital parèt kòm yon ti boul oswa yon gwoup ti boul nan pati jenital la. Yo kapab piti oswa gwo, anfle oswa plat, oswa yo kapab gen fòm yon chouflè. Anjeneral, yon pwofesyonèl swen sante kapab dekouvri ou gen veri depi li gade pati jenital ou.

Èske HPV kapab lakòz kansè?

HPV kapab lakòz kansè matris ak lòt kansè tankou kansè vilv, kansè vajen, kansè peni oswa kansè anis (twou dèyè). Li kapab lakòz kansè nan dèyè gòj la tou, tankou baz lang lan ak amigdal yo (ki rele kansè owofarenjyen).

Souvan kansè a pran anpil ane, menm anpil deseni, pou devlope apre yon moun pran HPV. Kalite HPV ki kapab lakòz veri jenital pa menm ak kalite ki lakòz HPV ki kapab lakòz kansè yo.

Pa gen fason pou konnen kimoun ki gen HPV ki pral gen kansè oswa lòt pwoblèm sante. Moun ki gen sistèm defans yo fèb ka mwen kapab pou batay kont HPV epitou yo ka gen plis chans pou gen pwoblèm sante ladan, moun sa yo gen ladan moun ki gen VIH/SIDA.

Kijan mwen kapab pa pran HPV ak lòt pwoblèm sante li lakòz yo?

Ou kapab gen anpil bagay ki bese chans ou pou gen HPV.

Pran vaksen. Vaksen kont HPV yo pwoteje epi yo efikas. Yo kapab pwoteje gason ak fanm kont maladi (tankou kansè) HPV lakòz lè yo pran vaksen yo nan gwoup laj doktè rekòmande (gade seksyon “Kimoun ki ta dwe vaksinen?” ki anba la a). Yo bay vaksen kont HPV nan twa (3) piki sou yon peryòd sis (6) mwa; li enpòtan pou pran tout dòz yo.

Fè tès depistaj pou kansè matris. Tès depistaj woutin pou fanm ki gen laj 21 ane jiska laj 65 ane kapab anpeche yo gen kansè matris.

Si ou aktif nan sèks

  • Sèvi ak kapòt latèks nan fason ki kòrèk la chak fwa w ap fè bagay. Sa kapab bese chans pou gen HPV. Men HPV kapab enfekte zòn ki pa kouvri yo avèk yon kapòt – poutèt sa kapòt yo ka pa bay tout pwoteksyon kont HPV;
  • Oumenm ak patnè ou dwe dakò pou nou nan yon sèl relasyon – oswa ou dwe fè bagay sèlman avèk yon moun ki fè bagay avèk oumenm sèlman.

Kimoun ki ta dwe vaksinen?

Tout ti gason ak ti fi ki gen laj 11 zan oswa 12 zan ta dwe vaksinen.

Vaksen ratrapaj yo rekòmande pou gason yo jiska laj 21 ane epi pou fanm yo jiska laj 26 zan, si yo pa t vaksinen lè yo te pi jèn.

Vaksen an rekòmande tou pou gason makòmè yo ak gason biseksyèl yo (oswa pou nenpòt gason ki fè bagay avèk gason parèy li) jiska laj 26 zan. Li rekòmande tou pou gason ak fanm ki gen sistèm defans yo fèb (ansanm ak moun ki gen VIH/SIDA) jiska laj 26 zan, si yo pa pran tout dòz vaksen yo lè yo te pi jèn.

Kijan pou mwen konnen si mwen gen HPV?

Pa gen tès pou konnen “sitiyasyon HPV” yon moun. Epitou, pa gen tès HPV yo apwouve pou konnen si yon moun gen HPV nan bouch oswa nan gòj.

Gen kèk tès HPV yo kapab itilize pou fè egzamen pou kansè matris. Tès sa yo rekòmande pou fè egzamen sèlman sou fanm ki gen laj 30 tan ak plis. Yo pa rekòmande pou egzamine gason, adolesan oswa fanm ki poko gen laj 30 tan.

Pifò moun ki gen HPV pa menm konnen si yo enfekte epi yo pa janm gen sentòm oswa pwoblèm sante ladan. Kèk moun konnen yo gen HPV lè yo gen veri jenital. Fanm yo ka konnen yo gen HPV lè yo resevwa yon rezilta tès fwoti vajinal ki pa nòmal (pandan egzamen pou detekte kansè matris). Lòt fanm yo ka konnen sa sèlman lè yo gen pwoblèm sante ki pi grav nan HPV, tankou kansè.

Kijan HPV ak pwoblèm sante li lakòz yo komen?

HPV (viris la): Apeprè 79 milyon Ameriken enfekte avèk HPV pou kounye a. Apeprè 14 milyon moun fèk vin enfekte chak ane. HPV tèlman komen sa lakòz pifò gason ak fanm ki aktif nan sèks ap gen omwen yon kalite HPV nan yon moman nan lavi yo.

Pwoblèm sante yo gen pou wè ak veri jenital ak kansè matris.

Veri jenital: Apeprè 360,000 moun nan Etazini gen veri jenital chak ane.

Kansè matris: Plis pase 10,000 fanm nan Etazini gen kansè matris chak ane.

Gen lòt pwoblèm medikal ak kansè HPV lakòz sou moun k ap viv nan Etazini

Chak ane, apeprè 21,000 ka kansè ki gen pou wè ak HPV kapab evite si moun yo pran vaksen kont HPV.

Mwen ansent. Èske si mwen gen HPV sa pral gen konsekans sou gwosès mwen?

Si ou ansent epi ou gen HPV, ou kapab gen veri jenital oswa ou kapab gen chanjman nan selil ki pa nòmal nan matris ou. Yo kapab jwenn selil ki pa nòmal yo avèk egzamen depistaj pou kansè matris. Ou ta dwe fè egzamen depistaj kansè matris woutin menmsi ou ansent.

Èske mwen kapab trete pou HPV oswa pou pwoblèm sante HPV lakòz yo?

Pa gen tretman pou viris la poukont li. Men, gen kèk tretman pou pwoblèm sante HPV kapab lakòz:

  1. Oumenm oswa doktè ou kapab trete veri jenital. Si veri jenital la rete san trete li ka ale, li ka rete menm jan, oswa li ka grandi an gwosè oswa an kantite.
  2. Pre-kansè matris kapab trete. Fanm ki fè fwoti vajinal woutin yo epi ki fè lòt jan li nesesè kapab idantifye pwoblèm yo anvan kansè a devlope. Prekosyon toujou pi bon pase tretman an. Pou jwenn plis enfòmasyon ale sou sitwèb www.cancer.org.
  3. Lòt kansè ki gen pou wè ak HPV pi kapab trete tou lè doktè dekouvri yo bonè ak lè yo trete bonè. Pou jwenn plis enfòmasyon ale sou sitwèb www.cancer.org.

Ki kote mwen kapab jwenn plis enfòmasyon?

Enfòmasyon sou STD
https://www.cdc.gov/std/

Enfòmasyon sou HPV
https://www.cdc.gov/hpv/

Vaksinasyon kont HPV
https://www.cdc.gov/vaccines/vpd-vac/hpv/

Enfòmasyon sou Kansè
https://www.cdc.gov/cancer/

Egzamen Depistaj Kansè Matris
https://www.cdc.gov/cancer/cervical/basic_info/screening.htm

Pwogram Nasyonal CDC pou Detekte Kansè Matris ak Kansè Tete Bonè
(National Breast and Cervical Cancer Early Detection Program)
https://www.cdc.gov/cancer/nbccedp/

Sant Kontak CDC-INFO
1-800-CDC-INFO
(1-800-232-4636)
Kontakte www.cdc.gov/info

Rezo Nasyonal CDC pou Enfòmasyon sou Prevansyon
(National Prevention Information Network, NPIN)
https://npin.cdc.gov/disease/stds
P.O. Box 6003
Rockville, MD 20849-6003
Imèl: npin-info@cdc.gov

Sant Nasyonal Resous pou Prevansyon HPV ak Kansè Matris
(National HPV and Cervical Cancer Prevention Resource Center)
Asosyasyon Ameriken pou Sante Seksyèl
(American Sexual Health Association, ASHA)
http://www.ashasexualhealth.org/stdsstis/hpv/
P.O. Box 13827
Research Triangle Park, NC 27709- 3827

 

Dat dènye revizyon an: 23 Janvye 2014

Top