Skip directly to search Skip directly to A to Z list Skip directly to navigation Skip directly to page options Skip directly to site content

Maladi Anflamasyon Pèlvyen (PID) – Fèy Enfòmasyon CDC

 
This web page is archived for historical purposes and is no longer being updated.
 

collage of people

Maladi moun pran nan fè bagay (sexually transmitted diseases, STDs) kapab trete kapab lakòz maladi anflamasyon pèlvyen (Pelvic Inflammatory Disease, PID), yon maladi ki grav sou fanm yo. 1 fanm sou 8 fanm ki konnen gen PID gen difikilte pou yo vin ansent. Ou kapab pa pran PID si ou konnen kijan pou pwoteje tèt ou.

Kisa PID ye?

Maladi anflamasyon pèlvyen se yon enfeksyon ki nan ògàn repwodiksyon yon fanm. Se yon konplikasyon fanm yo genyen souvan akòz kèk STD, tankou klamidya ak blenoraji. Lòt enfeksyon ki pa transmèt nan sèks kapab lakòz PID tou.

Kijan mwen pran PID?

Ou gen plis chans pou pran PID si ou

  • Gen yon STD epi ou pa swiv tretman pou li;
  • Gen plis pase yon patnè seksyèl;
  • Gen yon patnè seksyèl ki gen lòt patnè seksyèl tou;
  • Te gen PID anvan;
  • Aktif nan sèks epi ou gen laj 25 ane oswa mwens;
  • Gen douch vajinal;
  • Itilize yon esterilè (intrauterine device, IUD) pou pa fè pitit.

Kijan mwen kapab pa pran PID?

Ou kapab pwoteje tèt ou pou pa pran PID lè ou

  • Pa fè bagay;
  • Lè ou nan yon relasyon estab avèk yon sèl patnè ki te fè tès epi ki gen rezilta tès STD yo negatif;
  • Sèvi ak kapòt latèks ak dig dantè chak fwa w ap fè bagay.

Kijan pou mwen konnen si mwen gen PID?

Pa gen tès pou PID. Anjeneral yon dyagnostik baze sou yon melanj istwa medikal ou, egzamen fizik ou, ak kèk lòt rezilta tè. Ou ka pa konnen si ou gen PID paske sentòm ou yo ka modere, oswa ou ka pa gen okenn sentòm ditou. Men, si ou gen sentòm yo, ou ka remake sa

  • Doulè anba tivant;
  • Lafyèv;
  • Nenpòt dechaj ou pa abitye genyen ki bay yon move odè k ap sòti nan vajen ou;
  • Doulè ak/oswa senyman lè w ap fè bagay;
  • Sansasyon brili lè w ap pipi; oswa
  • Senyman ant lè ou gen règ yo.

Doktè ou ta dwe:

  • Egzamine ou si ou remake nenpòt nan sentòm sa yo;
  • Wè yon doktè san pèdi tan si ou panse oumenm oswa patnè seksyèl ou (yo) gen yon STD oswa te ekspoze nan yon STD;
  • Wè yon doktè san pèdi tan si ou gen nenpòt sentòm jenital tankou yon blesi ou pa abitye genyen, yon dechaj ki bay move odè, sansasyon brili lè w ap pipi, oswa senyman ant lè ou gen règ yo;
  • Fè yon tès pou klamidya chak ane si ou aktif nan sèks epi si ou gen laj 25 ane oswa mwens;
  • Si ou aktif nan sèks, pale yon fason ki onèt ak serye avèk pwofesyonèl swen sante ou epitou mande li si ou ta dwe fè tès pou lòt STD yo.

Èske PID kapab trete?

Wi, si doktè dekouvri ou gen PID bonè, maladi a kapab trete. Men, tretman an p ap defèt nenpòt domaj ki te deja fèt nan sistèm repwodiktif ou. Tank ou rete tann plis tan pou trete, tank w ap gen plis chans pou ou gen konplikasyon nan PID. Pandan w ap pran antibyotik, sentòm ou yo ka ale anvan enfeksyon an trete. Menmsi sentòm yo ale, ou ta dwe fin pran tout medikaman ou. Sonje pou fè dènye patnè seksyèl ou (yo) konnen sa, yon fason pou yo kapab fè tès epi swiv tretman pou STD yo tou. Li enpòtan anpil tou pou oumenm ak patnè ou fini tretman ou anvan nou fè nenpòt kalite sèks yon fason pou ou youn pa enfekte lòt ankò.

Ou kapab gen PID ankò si ou enfekte avèk yon STD ankò. Epitou, si ou te gen PID anvan, ou gen plis chans pou pran li ankò.

Kisa k ap pase si mwen pa trete?female anatomy

Si doktè dekouvri ou gen PID epi si ou swiv tretman pou li, ou kapab pa gen konplikasyon yo. Kèk konplikasyon PID se

  • Fòmasyon tisi sikatris deyò ak andedan tib Falòp yo ki kapab lakòz blokaj tib;
  • Gwosès ektopik (gwosès deyò matris la);
  • Enfètilite (enposiblite pou vin ansent);
  • Doulè pèlvyen/abdominal alontèm.

Ki kote mwen kapab jwenn plis enfòmasyon?

Divizyon Prevansyon STD
(Division of STD Prevention, DSTDP)
Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi
www.cdc.gov/std

Sant Kontak CDC-INFO
1-800-CDC-INFO
(1-800-232-4636)
Kontakte www.cdc.gov/info

Resous:

Rezo Nasyonal CDC pou Enfòmasyon sou Prevansyon
(National Prevention Information Network, NPIN)
https://npin.cdc.gov/disease/stds
P.O. Box 6003
Rockville, MD 20849-6003
Imèl: npin-info@cdc.gov

Asosyasyon Ameriken pou Sante Seksyèl
(American Sexual Health Association, ASHA)
http://www.ashasexualhealth.org/
P.O. Box 13827
Research Triangle Park,
NC 27709-3827
1-800-783-9877

 

Dat dènye revizyon an: 29 Janvye 2014

Top