Skip directly to search Skip directly to A to Z list Skip directly to navigation Skip directly to page options Skip directly to site content

Blenoraji – Fèy Enfòmasyon CDC

 
This web page is archived for historical purposes and is no longer being updated.
 

collage of people

Nenpòt moun ki aktif nan sèks kapab gen blenoraji. Blenoraji kapab lakòz konplikasyon ki grav anpil lè li pa trete, men li kapab geri avèk bon jan medikaman.

Kisa blenoraji ye?

Blenoraji se yon maladi moun pran nan fè bagay (sexually transmitted disease, STD) ki kapab enfekte gason tankou fanm. Li kapab lakòz enfeksyon nan pati jenital, rektòm (twou dèyè) ak gòj. Li se yon enfeksyon ki komen anpil, sitou pami jèn moun ki gen laj 15-24 ane.

Kijan blenoraji simaye?

Ou kapab pran blenoraji lè ou fè bagay nan anis, vajen oswa oral avèk yon moun ki gen blenoraji.

Yon fanm ansent ki gen blenoraji kapab bay tibebe li enfeksyon an pandan l ap akouche.

Kijan mwen kapab pa pran blenoraji?

Ou kapab pwoteje tèt ou pou pa pran blenoraji lè ou:

  • Pa fè bagay;
  • Lè ou nan yon relasyon estab avèk yon sèl patnè ki te fè tès epi ki
    gen rezilta tès STD yo negatif;
  • Sèvi ak kapòt latèks ak dig dantè chak fwa w ap fè bagay. 

Èske mwen arisk pou gen blenoraji?

Nenpòt moun ki aktif nan sèks kapab gen blenoraji si li fè bagay san pwoteksyon nan anis, nan vajen oswa sèks oral.

Si ou aktif nan sèks, pale yon fason ki onèt ak serye avèk pwofesyonèl swen sante ou epitou mande li si ou ta dwe fè tès pou blenoraji oswa pou lòt STD. Si ou se yon gason ki aktif nan sèks epi ki se yon gason makòmè, biseksyèl, oswa ki fè bagay avèk gason parèy ou, ou ta dwe fè tès pou blenoraji chak ane. 

Mwen ansent. Kijan blenoraji ap afekte tibebe mwen?

Si ou ansent epi ou gen blenoraji, ou kapab transmèt enfeksyon an ba tibebe ou pandan akouchman. Sa kapab lakòz pwoblèm sante ki grav pou tibebe ou. Si ou ansent, li enpòtan pou ou pale avèk pwofesyonèl swen sante ou pou ou kapab fè egzamen, tès ak tretman kòrèk, jan li nesesè. Si ou trete blenoraji san pèdi tan sa ap fè tibebe ou gen mwens pou konplikasyon sante li. 

Kijan mwen konnen si mwen gen blenoraji?

Kèk gason ki gen blenoraji ka pa gen sentòm yo ditou. Men, gason ki gen sentòm yo ka gen:

  • Yon sansasyon brili lè y ap pipi;
  • Yon dechaj blan, jòn oswa vèt nan peni yo;
  • Boul grenn ki bay yo doulè oswa ki anfle (menmsi sa pa komen anpil).

Pifò gason ki gen blenoraji pa gen okenn sentòm. Menm lè yon fanm gen sentòm yo, sentòm yo modere souvan epi fanm nan kapab panse li gen yon enfeksyon nan blad-pipi oswa nan vajen. Fanm ki gen blenoraji arisk pou gen konplikasyon grav nan enfeksyon an, menmsi yo pa gen okenn sentòm.

Men kèk nan sentòm sou fanm yo:

  • Yon sansasyon ki bay yo doulè oswa yon sansasyon brili lè y ap pipi:
  • Plis dechaj nan vajen:
  • Senyman vajinal ant lè fanm nan gen règ yo.

Enfeksyon nan rektòm ka swa pa lakòz sentòm oswa yo kapab lakòz sentòm sou gason ak fanm ki ka gen ladan:

  • Dechaj;
  • Demanjezon nan anis;
  • Doulè;
  • Senyman;
  • Poupou ki bay doulè.

Doktè ou ta dwe egzamine ou si ou remake nenpòt nan sentòm sa yo oswa si patnè ou gen yon STD oswa sentòm yon STD, tankou yon blesi li pa abitye genyen, yon dechaj ki gen move odè, brili lè l ap pipi, oswa senyman ant lè li gen règ yo.

Kijan doktè mwen ap konnen si mwen gen blenoraji?

Pifò tan an, yo kapab itilize pipi pou fè tès pou blenoraji. Men, si ou te fè sèks oral ak/oswa sèks nan anis, yo ka itilize tanpon pou pran echantiyon nan gòj ou ak/oswa nan rektòm ou. Nan kèk ka, yo ka itilize yon tanpon pou pran yon echantiyon nan irèt (kanal pipi a) yon gason oswa nan kòl matris (ouvèti matris) yon fanm.

Èske blenoraji kapab geri?

Wi, blenoraji kapab geri avèk tretman ki kòrèk la. Li enpòtan pou ou pran tout medikaman doktè ou preskri ou pou trete enfeksyon ou. Ou pa ta dwe kite okenn lòt moun pran nan medikaman ou pou blenoraji. Menmsi medikaman yo ap sispann enfeksyon an, yo p ap defèt okenn domaj pèmanan maladi a lakòz.

L ap vin pi difisil pou trete kèk blenoraji, paske souch blenoraji ki reziste nan medikaman yo ap ogmante. Si sentòm ou yo kontinye pandan plis pase kèk jou apre ou resevwa tretman an, ou ta dwe retounen nan klinik yon pwofesyonèl sante pou yo tcheke ou ankò.

Mwen te trete pou blenoraji. Kilè mwen kapab fè bagay ankò?

Ou ta dwe rete tann sèt (7) jou apre ou fin pran tout medikaman yo anvan ou fè bagay. Pou pa enfekte avèk blenoraji ankò oswa pou pa transmèt blenoraji ba patnè ou (yo), oumenm ak patnè seksyèl ou (yo) pa ta dwe fè bagay jouk lè nou chak fin swiv tretman an. Si ou te gen blenoraji epi ou te pran medikaman lontan, ou kapab toujou enfekte ankò si ou fè bagay san pwoteksyon avèk yon moun ki gen blenoraji.

Kisa k ap pase si mwen pa trete?

Blenoraji ki pa trete kapab lakòz pwoblèm sante ki grav ak pèmanan sou fanm tankou gason.

Sou fanm yo, blenoraji ki pa trete kapab lakòz maladi anflamasyon pèlvyen (pelvic inflammatory disease, PID). Kèk konplikasyon PID se

  • Fòmasyon tisi sikatris ki bloke twonp Falòp yo;
  • Gwosès ektopik (gwosès deyò matris la);
  • Enfètilite (enposiblite pou vin ansent);
  • Doulè pèlvyen/abdominal alontèm.

Sou gason yo, blenoraji kapab lakòz yon pwoblèm ki bay doulè nan tib ki tache nan boul grenn yo. Nan ka ki ra yo, sa ka lakòz yon gason vin esteril, oswa sa ka anpeche li kapab fè yon timoun.

Raman, blenoraji ki pa trete kapab simaye nan san ou oswa nan jwenti yo. Pwoblèm medikal sa a kapab menase lavi ou.

Blenoraji ki pa trete ka ogmante chans ou tou pou genyen oswa pou transmèt VIH – viris ki lakòz maladi SIDA. 

Ki kote mwen kapab jwenn plis enfòmasyon?

Divizyon Prevansyon STD (Division of STD Prevention [DSTDP])
Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi
www.cdc.gov/std

Sant Kontak CDC-INFO
1-800-CDC-INFO 
(1-800-232-4636)
Kontakte www.cdc.gov/info

 

Dat dènye revizyon an: 29 Janvye 2014

Top