Skip directly to search Skip directly to A to Z list Skip directly to navigation Skip directly to page options Skip directly to site content

Klamidya – Fèy Enfòmasyon CDC

 
This web page is archived for historical purposes and is no longer being updated.
 

collage of people

Klamidya se yon maladi komen moun pran nan fè bagay (sexually transmitted disease, STD) ki kapab geri san pwoblèm. Si li rete san trete, klamidya kapab fè li difisil pou yon fanm vin ansent.

Kisa klamidya ye?

Klamidya se yon STD komen ki kapab afekte gason ak fanm tou. Li kapab lakòz domaj grav ak pèmanan nan sistèm repwodiksyon yon fanm, sa k ap fè li difisil oswa enposib pou fanm nan vin ansent annapre. Klamidya kapab lakòz yon gwosès ektopik (gwosès ki fèt deyò matris la), sa ki ka touye fanm nan.

Kijan klamidya simaye?

Ou kapab pran klamidya lè ou fè bagay nan anis, vajen oswa oral avèk yon moun ki gen klamidya.

Si patnè seksyèl ou se gason ou toujou kapab gen klamidya menmsi li pa voye (espèm).

Si ou te gen klamidya epi ou te trete lontan, ou kapab toujou enfekte ankò si ou fè bagay san pwoteksyon avèk yon moun ki gen klamidya.

Si ou ansent, ou kapab transmèt klamidya ba tibebe ou pandan w ap akouche. 

Kijan mwen kapab pa pran klamidya?

Ou kapab pwoteje tèt ou pou pa pran klamidya lè ou:

  • Pa fè bagay;
  • Lè ou nan yon relasyon estab avèk yon sèl patnè ki te fè tès epi ki gen rezilta tès STD yo negatif;
  • Sèvi ak kapòt latèks ak dig dantè chak fwa w ap fè bagay.

Èske mwen arisk pou gen klamidya?

Nenpòt moun ki fè bagay kapab gen klamidya nan sèks nan anis, sèks nan vajen oswa sèks oral san pwoteksyon. Men, jèn moun ki aktif nan sèks gen pi gwo risk pou gen klamidya. Se akòz konpòtman yo ak faktè byolojik ki komen pami jèn moun yo. Gason makomè, gason ki biseksyèl ak lòt gason ki fè bagay avèk gason se moun ki arisk tou paske klamidya kapab simaye nan sèks oral ak nan sèks nan anis.

Pale yon fason ki onèt ak serye avèk pwofesyonèl swen sante ou epitou mande li si ou ta dwe fè tès pou klamidya oswa pou lòt STD. Si ou se yon fanm ki aktif nan sèks ki gen laj 25 ane oswa mwens, ou ta dwe fè tès pou klamidya chak ane. Gason makòmè, mou ki biseksyèl ak gason ki fè bagay ak gason parèy yo; ak fanm ansent yo ta dwe fè tès pou klamidya. 

Mwen ansent. Kijan klamidya kapab afekte tibebe mwen?

Si ou ansent epi ou gen klamidya, ou kapab transmèt enfeksyon an ba tibebe ou pandan akouchman. Sa kapab lakòz yon enfeksyon nan zye oswa nemoni sou tibebe ki fèk fèt la. Si ou gen klamidya sa ka fè li pa fasil pou ou akouche tibebe ou twò bonè.

Si ou ansent, ou ta dwe fè tès pou klamidya nan premye vizit ou fè anvan akouchman ou. Tès ak tretman se pi bon fason pou pa gen pwoblèm sante. 

Kijan mwen konnen si mwen gen klamidya?

Pifò moun ki gen klamidya pa gen sentòm yo. Si ou gen sentòm yo, yo ka pa parèt jouk anpil semèn apre ou fè bagay avèk yon patnè ki enfekte. Menm lè klamidya pa lakòz sentòm, li kapab domaje sistèm repwodiksyon ou.

Fanm ki gen sentòm yo ka remakefemale anatomy

  • Yon dechaj vajinal ki pa nòmal;
  • Yon sansasyon brili lè w ap pipi.

Kèk nan sentòm sou gason yo se

  • Yon dechaj nan peni yo;
  • Yon sansasyon brili lè y ap pipi;
  • Doulè ak anfleman nan youn oswa toulède boul grenn yo (menmsi sa pa komen anpil).

Gason ak fanm yo kapab enfekte avèk klamidya nan rektòm yo tou, swa lè yo fè bagay nan anis yo, oswa lè yo simaye li nan yon lòt kote ki enfekte (tankou vajen an). Menmsi enfeksyon sa yo pa lakòz sentòm souvan, yo kapab lakòz

  • Doulè nan rektòm;
  • Dechaj;
  • Senyman.

Doktè ou ta dwe egzamine ou si ou remake nenpòt nan sentòm sa yo oswa si patnè ou gen yon STD oswa sentòm yon STD, tankou yon blesi li pa abitye genyen, yon dechaj ki gen move odè, brili lè l ap pipi, oswa senyman ant lè li gen règ yo.

Kijan doktè mwen ap konnen si mwen gen klamidya?

Gen tès laboratwa pou dekouvri si ou gen klamidya. Pwofesyonèl swen sante ou ka mande ou pou bay yon echantiyon pipi oswa li ka itilize (oswa li ka mande ou pou itilize) yon tanpon koton pou pran yon echantiyon nan vajen ou pou teste ou pou klamidya.

Èske klamidya kapab geri?

Wi, klamidya kapab geri avèk tretman ki kòrèk la. Li enpòtan pou ou pran tout medikaman doktè ou preskri ou pou geri enfeksyon ou. Lè ou pran medikaman an kòrèkteman l ap sispann enfeksyon an epitou li kapab diminye chans pou gen konplikasyon annapre. Ou pa ta dwe kite okenn lòt moun pran nan medikaman ou pou klamidya.

Li fasil pou pran enfeksyon avèk klamidya ankò. Ou ta dwe fè tès la ankò apeprè twa (3) mwa apre ou trete, menmsi patnè seksyèl ou (yo) te trete.

Kisa k ap pase si mwen pa trete?

W ap gen premye domaj klamidya ap lakòz san ou pa menm remake sa. Men, klamidya kapab lakòz pwoblèm sante ki grav.

Si ou se yon fanm, klamidya ki pa trete kapab gaye nan matris ou ak nan twonp Falòp ou (tib ki pran ze fekonde yo pou mennen yo nan matris la), sa k ap lakòz ou pran maladi anflamasyon pèlvyen (pelvic inflammatory disease, PID). PID pa gen sentòm souvan, men kèk fanm ka gen doulè nan vant ak doulè pèlvyen. Menmsi PID pa lakòz sentòm yo okòmansman, li kapab lakòz domaj pèmanan nan sistèm repwodiksyon ou epitou li kapab lakòz doulè pèlvyen alontèm, enposiblite pou vin ansent, epi pètèt gwosès ektopik ka lakòz ou mouri (gwosès deyò matris la).

Gason yo gen pwoblèm ki gen pou wè ak klamidya raman. Pafwa enfeksyon yo simaye nan tib ki pran espèm nan boul grenn yo, sa ki lakòz doulè ak lafyèv. Raman, klamidya kapab anpeche yon gason kapab fè pitit.

Klamidya ki pa trete ka ogmante chans ou tou pou genyen oswa pou transmèt VIH – viris ki lakòz maladi SIDA.

Mwen te swiv tretman pou klamidya. Kilè mwen kapab fè bagay ankò?

Ou pa ta dwe fè bagay ankò jouk lè oumenm ak patnè seksyèl ou (yo) fini tretman an. Si doktè ou preskri ou yon dòz medikaman senp, ou ta dwe rete tann sèt (7) jou apre ou pran medikaman an anvan ou fè bagay. Si doktè ou preskri yon medikaman pou ou pou pran pandan sèt (7) jou, ou ta dwe rete tann jouk lè ou pran tout dòz yo anvan ou fè bagay. 

Ki kote mwen kapab jwenn plis enfòmasyon?

Divizyon Prevansyon STD
(Division of STD Prevention [DSTDP])
Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi
(Centers for Disease Control and Prevention)
www.cdc.gov/std

Sant Kontak CDC-INFO Contact Center
1-800-CDC-INFO
(1-800-232-4636)
Kontakte www.cdc.gov/info

CDC National Prevention Information Network (NPIN)
https://npin.cdc.gov/disease/stds
P.O. Box 6003
Rockville, MD 20849-6003
E-mail: npin-info@cdc.gov

American Sexual Health Association (ASHA)
http://www.ashasexualhealth.org/
P.O. Box 13827
Research Triangle Park,
NC 27709-3827
1-800-783-9877

 

Dat dènye revizyon an: 23 Janvye 2014

Top