Skip directly to search Skip directly to A to Z list Skip directly to navigation Skip directly to page options Skip directly to site content

Enfografi: 8 Konsèy pou Netwaye Mwezi

Download [PDF – 1 MB]

Mold Infographic - Haitian

Text Equivalent

8 Konsèy pou Netwaye Mwezi

  • Pwoteje tèt ou. Mete ekipman pwoteksyon pèsonèl sou ou (gan, mask, gwo linèt) pou pwoteje je, nen, bouch, ak po ou.
  • Jete! Mete deyò! Nenpòt kisa ki te mouye nan dlo inondasyon e ki pa kapab netwaye ak finn seche nèt nan yon delè 24 a 48 èdtan dwe al deyò. Pran foto sa w ap jete yo pou si ou gen pou w fè reklamasyon pou asirans.
  • Fè lè rante. Ouvri tout pòt ak fenèt lè w ap travay, epi kite yo ouvri si sa san danje, lè w ap deplase.
  • Fè lè Sikile. Lè li san danje pou w sèvi avèk kouran, sèvi avèk vantilatè ak dezidimifikatè pou retire imidite.
  • Pa melanje pwodwi netwayaj. Si w ap sèvi ak pwodwi netwayaj, pa melanje pwodwi ansanm. PA melanje klowòks ak amonyak paske sa kapab kreye vapè ki toksik.
  • Fwote sifas. Netwaye avèk dlo ak yon detèjan. Retire tout mwezi ou kapab wè. Seche touswit.
  • Pa kouvri li, retire li. Pentire ak penti oswa mastik pou kouvri mwezi an pa anpeche mwezi an kontinye grandi. Fin ranje pwoblèm dlo a nèt epi retire mwezi an anvan ou pentire ak penti oswa mastik.
  • Seche li. Seche kay ou ak tout bagay ladann leplivit posib – disi 24 a 48 èdtan si ou kapab.

Resous

TOP