Skip directly to search Skip directly to A to Z list Skip directly to navigation Skip directly to page options Skip directly to site content

Vajinoz Bakteryen – Fèy Enfòmasyon CDC

 
This web page is archived for historical purposes and is no longer being updated.
 

collage of people

Nenpòt fanm kapab gen vajinoz bakteryen. Si ou gen vajinoz bakteryen sa kapab ogmante chans ou pou gen yon STD.

Kisa vajinoz bakteryen ye?

Vajinoz bakteryen (bacterial vaginosis, BV) se yon enfeksyon moun pran lè twòp sèten bakteri chanje ekilib nòmal bakteri yo nan vajen an.

Kijan vajinoz bakteryen komen?

Vajinoz bakteryen se enfeksyon vajinal ki pi komen sou fanm ki gen laj 15-44 ane. 

Kijan vajinoz bakteryen simaye?

Nou pa konnen sa ki lakòz BV oswa kijan kèk fanm pran li. BV konekte avèk yon dezekilib “bon” ak “move” bakteri yo jwenn nòmalman nan vajen yon fanm.

Nou konnen lè yon fanm gen yon nouvo patnè seksyèl oswa anpil patnè seksyèl ak douch kapab kontrarye ekilib bakteri ki nan vajen an epi sa mete fanm yo nan pi gwo risk pou yo gen BV.

Men, nou pa konnen kijan sèks lakòz fanm yo gen BV. Nou pa konsidere BV kòm yon STD, men si ou gen BV sa kapab ogmante chans pou gen yon STD. BV ka afekte fanm ki pa t janm fè bagay tou.

Ou pa kapab gen BV nan bòl twalèt, nan atik pou kouche oswa nan pisin. 

Kijan mwen kapab evite pran vajinoz bakteryen?

Doktè yo ak syantifik yo pa byen konprann kijan BV simaye, epi pa gen pi bon fason pou evite li.

Etap prevansyon debaz ki endike anba la yo ka ede bese risk pou gen BV:

  • Pa fè bagay;
  • Limite kantite patnè seksyèl ou yo; epi
  • Pa pran douch.

Mwen ansent. Kijan vajinoz bakteryen ap afekte tibebe mwen?

Fanm ansent yo kapab gen BV. Fanm ansent ki gen BV gen plis chans pou gen tibebe ki fèt anvan lè (bonè) oswa ki gen yon ti gwosè lè yo fèt pase fanm ki pa gen BV pandan yo ansent. Ti gwosè lè tibebe a fèt vle di ou fè yon tibebe ki peze mwens pase 5.5 liv lè li fèt.

Tretman an sitou enpòtan pou fanm ansent yo. 

Kijan mwen konnen si mwen gen vajinoz bakteryen?

Anpil fanm ki gen BV pa gen sentòm yo. Si ou gen sentòm yo, ou ka remake yon ti dechaj vajinal mens ki blan oswa gri, ki gen odè, ki ba ou doulè, ki ba ou demanjezon, oswa k ap boule ou nan vajen an. Kèk fanm gen yon odè ki fò tankou pwason, sitou apre yo fè bagay. Ou ka gen brili tou lè w ap pipi; demanjezon toutotou deyò vajen an, oswa toulède. 

Kijan doktè mwen ap konnen si mwen gen vajinoz bakteryen?

Yon pwofesyonèl swen sante ap egzamine vajen ou pou detekte siy BV epi l ap fè kèk tès laboratwa sou yon echantiyon fliyid vajinal pou detèmine si ou gen BV.

Èske vajinoz bakteryen kapab trete?

Pafwa BV ale poukont li san tretman an. Men si ou gen sentòm BV ou ta dwe fè tchèk epitou ou ta dwe trete. Li enpòtan pou ou pran tout medikaman doktè preskri ou, menmsi sentòm ou yo ale. Yon pwofesyonèl swen sante kapab trete BV avèk antibyotik, men BV kapab retounen sou ou apre tretman an. Tretman an ka redui risk pou gen STD tou.

Anjeneral, gason ki se patnè seksyèl fanm doktè dekouvri ki gen BV pa bezwen trete. Men, BV ka transmèt ant patnè seksyèl fanm ak fanm.

SKisa k ap pase si mwen pa trete?

BV kapab lakòz risk sante ki grav, tankou

  • Ogmantasyon chans pou gen VIH si ou fè bagay avèk yon moun ki enfekte avèk VIH;
  • Si rezilta tès VIH ou pozitif, sa ap ogmante chans pou transmèt VIH ba patnè seksyèl ou;
  • Si ou gen BV pandan ou ansent sa ap fè li pi fasil pou ou akouche tibebe ou twò bonè;
  • Ogmantasyon chans pou gen lòt STD tankou klamidya ak blenoraji. Bakteri sa yo kapab pafwa lakòz maladi anflamasyon pèlvyen (pelvic inflammatory disease, PID), ki kapab fè li difisil oswa enposib pou fè pitit. 

Ki kote mwen kapab jwenn plis enfòmasyon?

Divizyon Prevansyon STD
(Division of STD Prevention [DSTDP])
Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi
www.cdc.gov/std

Sant Kontak CDC-INFO
1-800-CDC-INFO
(1-800-232-4636)
Kontakte www.cdc.gov/info

Rezo Nasyonal CDC pou Enfòmasyon sou Prevansyon
(National Prevention Information Network [NPIN])
https://npin.cdc.gov/disease/stds
P.O. Box 6003
Rockville, MD 20849-6003
Imèl: npin-info@cdc.gov

Asosyasyon Ameriken pou Sante Seksyèl
(American Sexual Health Association [ASHA])
http://www.ashasexualhealth.org/
P.O. Box 13827
Research Triangle Park, NC 27709-3827
1-800-783-9877

 

Dat dènye revizyon an: 23 Janvye 2014

Top